Avoka Jean-Marcus Raymond, lengwis Walner Olivier ak Powèt Ar Guens Jean Mary, se twa (3) entèvenan ki te mennen aktivite sila nan linèt displin pa yo.
Mèt Jean-Marcus Raymond, ki ap etidye Syans Edikasyon nan Inivèsite Piblik Sidès-Jakmèl, te oryante entèvansyon li a sou koze lang ayisyen an nan sistèm edikatif ayisyen an ak wòl li pou sosyete ayisyen. Li te fè yon virewonn soti nan Konkòda Damyen 1860 la, pou montre depi kilè y ap mete lang lakou a sou kote, pou rive nan Refòm Bèna a -septanm 1979- ki te fè yon lòt konsiderasyon pou yon lòt sistèm edikasyon.
«Lè w ap pale de Refòm sa a, w ap pale de desizyon yon minis ki rele Joseph Bernard te pran pou l chanje eskanp figi edikasyon ann Ayiti dekwa pou te reponn a defi kwa manman kwa papa modènite a te mete sou wout nou kòm pèp ki vle evolye », se evalyasyon mèt Marcus. Chanjman sa te vle pou yo itilize kreyòl kòm lang pou anseye ak aprann.
« Kreyòl Ayisyen se yon gwo zouti ki tounen pèl ak pikwa pou trase bon jan chimen pou nou gen aksè a Kilti nou, listwa nou, mounite nou. Mo yo, pwovèb yo nan yon lang pote anpil enfòmasyon istorik, e pafwa endike nivo sajès yon pèp. Kidonk, mèyè fason pou w toufounen yon pèp se retire zouti sa a nan men l, oubyen fè l krache sou li kòmkwa li enferyè.»
Walner Olivier, lisansye nan lengwistik, te gade pwosesis fòmasyon lang kreyòl ayisyen an nan linèt divès apwòch nan kreyolistik tankou sipèstratik, sibstratik ak inivèsalis. Pi lwen, li te gade enpòtans lang ayisyen an genyen nan transmisyon konesans nan kominikasyon didaktik. Selon li, se nan lang aprenan leve jwenn y ap pale nan tèt li lajounen kou lannuit li ka aprann pi rapid, nan koumansman aprantisay la, paske se lang sa li deja konnen.
Pi lwen, li te gade enpòtans kreyòl la genyen nan transmisyon kilti pèp la bay jenerasyon k ap vini yo.
« Lang yon kreyòl ayisyen an se depo ki ranmase sivilizasyon pèp ayisyen an, nan sans lengwis Claude Hagège. Se lang ki transmèt bay jenerasyon k ap vini yo, tout konesans, tout mès, koutim, nòm ak tradisyon sosyete a. Epi, yon ansanm nan eleman sa yo, se lang lan ki konstwi yo, ki bay yo fòm ak sans ». Lengwis la kontinye pou di « lang sila patisipe nan konstriksyon moun yo, konstriksyon idantite nan yon fason kolektif e endividyèl, nan sans Nicole Rauzduel-Lambourdiere (2007) di sa.
Pou powèt Ar Guens Jean Mary, lang kreyòl ayisyen an gen omwen de (2) gwo enpòtans nan kreyasyon zèv atistik. a) Yon enpòtans politik, paske ekri se yon aksyon angaje ki patisipe nan bon dewoulman sosyete a. Ansuit, li gen yon b) dimansyon estetik. De enpòtans sila yo travèse travay latizay yo gras ak posiblite lang lang lan ofri. Estetik, paske literati se depase yon pale òdinè pou rive nan yon estad esktwòdinè. E pale ekstwòdinè sila antre nan fè konprann lide kreyatè a, santiman li, emosyon li, konba li, e pozisyon li.
« Ti Sentaniz » de Maurice Sixto, « Agase lesperans » de Trouillot, « Alèkile » de BIC, travay sila yo se yon zak politik ki patispe nan reklamasyon ou batay pou byennèt e chanjman kondisyon vi popilasyon an», se deklarasyon powèt Ar Guens Jean Mary. Lè yon ekriven kou Togiram (Emile Celestin Mégie), ekri woman « Lanmou pa gen barye » nan lang « ayisyen », 90 pou san popilasyon an pale, si m ta pran pwopozisyon Patrice Dumond, se toujou yon aksyon politik.
Travay Togiram sila, « se antre nan lit lengwistik, nan rann aksesib enfòmasyon e reklame enpòtans lang ayisyen genyen sou plan politik », se sa kònèsè nan literati a fè konprann. “« E m nou ka di tou, se foure l nan priz desizyon k ap bouyi nan trip pèp la.»
Kozri sila te bout ak echanj eklere ant entèvenan yo ak piblik la sou lang lan. Yon bò, nou jwenn plizyè sitwayen, nan diskou yo, ki vle pou lang pèp la pale a rele ayisyen olye kreyòl. Yon lòt kote, genyen ki kanpe pou denonse diskriminisayon moun ap sibi nan kèk enstitisyon lè yo mete lang ayisyen an sou kote.
Vos commentaires ici.