Nouvo pwogram sila ki rele "Welcome Corps" Prezidan Joe Biden vle bay posibilite pou patikilye ki legal nan peyi Etazini kab ede Refijye ki rantre nan peyi a kab re enstale yo nan peyi a.
Depatman Deta Ameriken lanse ayè jedi 19 janvye 2023 Yon nouvo pwogram ki rele « Welcome corps » kote, kontrèman ak jan sa te konn fèt pwogram sa pral pèmèt ak sitwayen prive yo ede refijye yo lè yo rive nan peyi Etazini chak âne pou re enstale yo kòrèkteman nan peyi a.
Ajans la swete rive mobilize 10,000 Ameriken ki gen mwayen pou ede 5,000 refijye pandan premye ane pwogram nan.
Inisyativ sila pral swiv menm tradisyon fason Depatman Deta konn travay vèk gwoup san Objektif fè lajan yo ki sitou espesyalize nan jesyon pwoblèm refijye ki rantre sou teritwa Ameriken an.
Nan kad pwogram sila ki kreye espesyalman pou travay ak tout sitwayen ki vle sipòte refijye yo pou ede yo re enstale yo nan peyi a. Parenn Sila yo ap gen pou yo bouske yomenm lajan pou ede refijye Sila yo diran 90 premye jou yo ou sinon 3 mwa nan peyi a.
Tout fwa pou fasilite tach parenn yo, gen posibilite pou parenn sila yo regroupe yo an gwoup de senk pou ranpli wòl yo ap genyen anvè refijye yap sipòte a.
Pwogram sila divize an de faz. Nan premye Faz la se refijye ki deja jwenn apwobasyon pou yo enstale yo nan peyi Etazini nan kad pwogram " Welcome Corps" la kap jwenn parenn, e lap kòmanse apati mwa septanm 2023. Pou sa ki gen a wè ak dezyèm Faz la, parenn yo ap genyen pou yo idantifye refijye nan peyi li ta renmen ede a, lap ede l rantre nan pwogram epi aprè li fin rive sou sòl Ameriken an lap pran anchaj pou l ede l re enstale li kòrèkteman.
Ap genyen Yon kòporasyon Òganizasyon ki pa gen Objektif fè lajan kap gen pou sipèvize kondisyon re enstitisyon refijye Sila yo. Òganizasyon sa yo ap gen pou yo bay fòmasyon ak parenn yo Yon mannyè pou yo ka rive metrize tout eleman nesesè pou pèmèt refijye Sila yo byen adapte yo nan peyi a.
"Pandan nap konte sou bòn volonte kominite Amerikèn nan, Welcome Corps la pral elaji kapasite peyi a pou l akeyi nan lajwa Yon pi gran majorite refijye" selon sa ki ekri nan anons Depatman Deta Ameriken an.
Fòk nou raple Prezidan Ameriken an Joe Biden te pran Yon dekrè nan lane 2021, kote li te pwomèt lap ré fè peyi Etazini Damerik yon refij pou mond lan, Yon mannyè pou l te bay Yon repons ak Ansyen Prezidan Donald Trump ki te deside anile pwogram pou Refijye yo.
Vos commentaires ici.