Pòt pawòl Polis Sidès la Gary Victor nan kad yon konferans pou laprès, anonse la polis nan Jakmèl espesyalman SDPJ gras ak yon bèl kout filè rive poze lapat sou 2 endividi ki se Odelson Dossous ki gen 33 lane sou tèt li ak Chrisnel Réus ki gen 37 lanne. Kout filè sila te fèt nan zòn Aviyasyon Jacmel nan lannwit mèkredi 18 Janvye 2023. Endividi sila yo ki tap soti nan komin Bèlans ki tap pran direksyon pòtoprens te genyen avèk yo yon zam gwo kalib, plizyè kat didantite, 3 telefòn (2 Iphone ak yon Samsung), 565 dola US ak 21 000 goud.
Pòt pawòl la fè konnen se depi kèk jou, Direksyon Depatmantal Polis Sidès la te pran supson ke gen yon aktivite trafik zam gwo kalib kap boujonnen nan depatman. Rezo Trafik sila te fèt swivan yon kanal byen moute ko Zam sila yo soti an Repiblik Dominikèn pase pa Ansapit travèse Jakmèl pou pran direksyon Pòtoprens. Mesye Gary Victor fè konnen atravè ansanm antèn vijilans la polis la, yo te fè yon premye kout filè ki malerezman ki te echwe. Tout fwa La polis pat abandone atravè SDPJ, Direksyon Depatmantal la rive reyisi kout filè sila.
De endividi sila yo te sou yon taksi moto SDPJ te rive entèvni a tan kote vè 9h30 nan aswè nan zòn aviyasyon ekzakteman anfas biwo karitas Jakmèl la epi poze lapat sou endividi sila yo ki se Réus Chrisnel ki gen 36 lanne ki se moun Ansapit epi ak Dossous Odelson ki gen 32 lane sou tèt li e li se moun Petyonvil . Nan zatrap sila, Lapolis rive sezi yon fizi tou nèf kalib 5.56 A 45 mak BIMAL 30, kote mafya yo te demonte zam nan mete l nan yon valiz, yo te gen an posesyon yo plizyè kat didantite, 3 telefòn (2 Iphone ak yon Samsung), 565 dola US ak 21 000 goud. Lapolis kenbe mesye sila yo pou swit legal yo.
Pòt Pawòl la, Gary Victor pi lwen declare, se yon dosye ke Direksyon Depatmantal Polis Sidès la pran oserye anpil, kote ankèt la ap kontinye, e rete kwè ke yap rive depatya rezo sila, li fè konnen, lapolis deja pran direksyon kay Chrisnel nan Ansapit pou al pèkizisyone kay kote endividi a rete pou chèche tout endis nesesè yo pou ankèt la. Chèf akizasyon ki table kont mesye sila yo se, detansyon illegal ak trafik zam, asosyasyon Malfektè.
Cepandan, Pòtpawòl la fè konnen se gras ak sipò popilasyon an ke yo rive mennen bèl operasyon sila ki pote fwi. Kote li tou pwofite anonse popilasyon an depi yo sispèk yon aktivite dwòl nan zòn yo, yok a rele la polis Sidès sou nimewo (509)3805-7777vou sinon sou nimewo (509) 3806-7777 epi (509) 3211-4444 oubyen (509)3310-0345.
Mesye Gary Victor raple ke odisyon yo deja komanse malgre yo poko jwenn twòp detay sou dosye a men aprè rezilta pèkizisyon an yap ka rive konplete dosye sa. Toutfwa Pòtpawòl la fè konnen aksyon sila yo rantre nan kad seri aktivite prevansyon ki se youn nan misyon enstitisyon an.
Vos commentaires ici.