Lanne 2023 pa diferan de 2022 a sitou nan sa ki gen pou wè ak fenomèn ensekirite a kote pèsonn pa epanye, Pit kou mawi, zannanna kou sizan kapital kou pwovens gen kòd lavi yo ki ap tren nan men bandi malfektè.
Pandan mwa janvye 2023 deja plizyè dizèn ka kidnaping deja anrejistre nan peyi a sitou nan kapital peyi a Pòtoprens kote pou wiken pase a sèlman plis pase 10 ka kidnaping fèt anba je la polis ak lame peyi dAyiti. Youn nan dènye viktim yo se Istoryen anmenmtan Ansyen Minis Ledikasyon Nasyonal Pierre Buteau kote plizyè endividi ak gwo Zam lou anvayi lakay li nan Thomasin 32 jounen Madi 24 janvye a ozanviwon 5h nan matin epi bwote l ale avè l
Okenn sitwayen pezib pa epanye anba pouvwa malfektè kriminèl yo, Istoryen Pierre Buteau malgre li te anndan lakay li, okenn baryè pat ka epanye l. Malfra yo itilize machin viktim nan pou yo ale avèl kote y a l sekestre l la, selon enfòmasyon yo.
Nan moman kote malfektè kriminèl yo ap miltipliye Zak malonèt yo, alòkile anndan fòs lòd yo ou santi aklè, gen Yon demotivasyon anraje ki ap boujonnen nan mitan yo sitou nan rejyon metropolitèn nan après twa polisye ta fin pèdi lavi yo semèn pase anan Yon anbiskad.
Pierre Buteau fèt nan Pòtoprens nan lane 1949, li Diplôme nan Relasyon Entènasyonal, li te espesyalize li nan domèn Istwa Kontanporen. Li se manm Sosyete Ayisyèn distwa, Jewografi ak akewiloji. Li pibliye anpil dokiman sitou nan sa ki gen pou wè ak Drapo peyi dAyiti a nan kad Yon kolaborasyon ak Biwo Komisyon Ayiti/ UNESCO. Li anime Yon dal Emisyon radyofonik sou Listwa.
Li se te prezidan Komisyon ki te travay nan tabli pwogram Syans Sosyal pou Nouvo Segondè a, li anseye Listwa nan plizyè etablisman eskolè nan kapital la pòtoprens pami yo Enstitisyon Sainte-Rose de Lima epi nan nivo siperyè li anseye nan Inivèsite Leta, UEH ak nan Inivèsite Caraibe.
Li se Ansyen Minis Ledikasyon, li te patisipe tou nan pwojè HSI-UNICEF ak PNUD pou preparasyon Yon Plan Nasyonal sou pwotrksyon timoun.
Vos commentaires ici.