Anviwon 1,700 kretyen vivan ki soti nan peyi Cuba, Haïti, Venezuela ak Nicaragua deja foule sòl Ameriken an nan kad pwogram Imanitè administrasyon Biden-Harris la ki Batize "Humanitarian Parole la".
Migran Sila yo rantre Etazini semèn pase a selon Yon atik Ajans Reuters pibliye ayè mèkredi 25 Janvye 2023.
Selon Yon Wo fonksyonè nan Administrasyon Biden-Harris la, aprè 1,700 Migran Sila yo ki deja rive fizikman sou bout tè tonton- Sam nan, plizyè milye lòt ta deja jwenn otorizasyon pou rantre nan peyi Etazini.
Toutfwa yo pa bay okenn chif sou kantite vénézuélien ki ta deja benefisye pwogram nan depi mwa Oktòb pase a.
Selon Depatman Sekirite Interyè peyi Etazini, kantite Migran ki soti nan peyi Cuba, Haïti, Nicaragua ak Venezuela ke yo te konn arete nan fwontyè Americano-mexicaine nan vrèman diminye ant mwa desann ak Janvye. Diminisyon grandyoz Sila se fwi nouvèl mizi ki vize retounen Migran Sila yo nan peyi Mexique selon DHS.
Selon chif Otorite Amerikèn yo kominike, se ozanviwon 115 migran sèlman yo jwenn ki soti nan peyi ki benefisye pwogram nan pandan selèn ki sot pase a la kont 3 367 an mwayèn pandan semèn 11 desanm lan, ki kontabilize Yon bès ki evalye a 97%.
Depatman Sekirite Interyè peyi Etazini makònen ralantisman Sila gras ak lòd Sante Piblik ki te batize "Tit 42" a. Lwa Sila te pran rasin pou premye fwa sou gouvènman Ansyen Prezidan Repibliken an, Donald Trump Yon mannyè pou l te lite kont pandemi COVID-19 la ajoute sou sa ansanm mezi legal ki tabli yo pou moun rantre nan peyi Etazini.
Ajans Reuters te rapòte semèn pase a, kantite total arestasyon ki fèt sou fwontyè a diminye nan mwa janvye a gras ak nouvo pwogram politik Imanitè yo ki bay posibilite a 30.000 migran pou yo rantre legalman nan peyi Etazini chak mwa.
Fòk nou raple, gen Yon gwoup 20 Eta Ameriken ki gen procureur Repibliken entante Yon aksyon an jistis kont administrasyon Biden-Harris yon mannyè pou yo ka estope pwogram politik Imanitè Biden nan.
Gouvènè sila yo ki siyen plent la epi depoze l devan Tribinal Federal nan Eta Texas presize, inisyativ Biden nan vyole lwa federal sou zafè imigrasyon.
Selon sa Ajans Reuters ta rapòte, gen Yon Wo responsab nan gouvènman Meriken an ki pa vle non l site kalifye pwosè sa Eta Sila yo entante kont pwogram nan kòm Yon kou monte. Selon li Aksyon sa ka mennen peyi Etazini fè fas ak plis migran ilegal sou sòl la.
Vos commentaires ici.