Nan kad pwogram Imanitè Ameriken an ki Batize "Humanitarian Parole", administrasyon Biden-Harris la te lanse nan dat 5 janvye 2023, sèvis Sitwayènte ak imigrasyon Peyi Etazini an fè plizyè ekzijans ak tout moun O zetazini ki swete sipòte Yon Migran ki soti nan Kat peyi ki benefisye pwogram nan; Haïti, Venezuela, Cuba, Nicaragua.
Antouka, pou Yon moun elijib kòm sipòtè nan kad pwogram Humanitarian Parole la ou dwe soumèt dokiman Sila yo.
1- Atestasyon Bankè
2- Kantite lajan ou gen sou epagn ou
2- Kantite lajan ou genyen aktyèlman sou kont epagn ou
3- Yon lèt travay ki presize Kantite lajan sipòtè a touche
4 - kantite ane ou genyen depi wap travay
5 - Yon kopi dènye papyekote ou te peye tax ou sinon W-2,
6 - papye kay ak Machin si ou genyen,
Nap fè remake deja gen plizyè migran ki soti nan Kat peyi ki elijib nan pwogram Imanitè Sila ki ta deja jwenn otorizasyon pou foule sòl peyi Etazini 5 jou aprè demaraj pwogram lan selon yon anons Sekretè Deta Adjwen pou zafè Emisfè Oksidantal la, Brian Nichols te fè sou kont twitter li nan dat ki te vandredi ki te 13 janvye 2023.
" Senk jou aprè demaraj nouvo pwosesis migrasyon ak mezi pou kontwole fwontyèyo, plizyè santèn moun ki soti Cuba, Haïti, Nicaragua ak Venezuela ta deja jwenn otorizasyon pou rantre nan peyi Etazini. Pwogram nan gratis ti chéri". Selon Twit Sekretè Adjwen Ameriken an.
Vos commentaires ici.