Ajantin kalifye pou kar de final koup mondyal FIFA 2022 a kote y ap gen pou yo fè fas ak Pays-Bas 9 desanm kap vini la. Ajanten yo elimine Ostralyen yo 2 a 1 nan faz 16yèm de final koup mondyal sa a, 3 desanm sa a nan Al Rayyan, gras ak yon gòl Lionel Messi ki t ap jwe milyèm match ofisyèl li a.
Seleksyon Ajanten an ta ka espere yon faz 16yèm de final kont Ostrali le 3 desanm nan Al Rayyan. Men, nan yon estad ki angaje nan kòz yo, ak yon Lionel Messi desizif, Ajanten yo fasilman valide tikè yo pou kar de final koup mondyal 2022 a.
Pou plis pase 20 minit, sepandan, yo te oblije sènen yon kaj Ostralyen ki te pwoteje ak yon kòdon defansè sere sere. Plan jwèt Oseyanyen yo, ki se sèlman dezyèm eksperyans yo nan 16yèm de final nan yon koup mondyal, sanble yo limite a sa a: Bloke bitasyon pa yo a epi konte sou yon kont-atak oswa yon seri moso jwèt woule m de bò pou fè Albiceleste yo desann.
Yon milyèm fèt pou Lionel Messi.
Ekip Ajantin nan ta pral demantle estrateji ekip Ostralyèn nan depi nan ze,kote nan 35e minit, gras ak yon ti konbinezon nan bitasyon Ostralyèn an, Lionel Messi ajiste yon ti boukle kout sou bò gòch la ki siprann gadyen ekip Ostrali a, Mathew Ryan: 1-0. Se nevyèm reyalizasyon sipèsta a nan faz final yon koup di mond ak premye nan yon match eliminatwa dirèk. Tout sa yo pandan lap diskite milyèm match ofisyèl li.
Aprè poz premye mitan, Julian Alavrez elaji diferans lan (2-0)nan 57 èm minit. Gras ak yon jenman anaje, jwè mitan teren ekip Ajantin nan, Rodrigo De Paul jennen ak anpil presyon gadyen ekip Ostralyèn nan Mathew Ryan kitap tante fè yon degajman katastwofik.Epi jèn atakan jis plante balon an nan file ekip Ostralyèn nan.
Craig Goodwin ta pral bay seleksyon Ostralyèn nan yon ti espwa
Avèk de gòl an avans, Ekip Ostralyen nan te déjà nan ti soulye l, Men, nan 77 èm minit, Craig Goodwain gras ak yon chout trè pwisan ki ta pral lajman detounen pa millieu Enzo Ferandez, ta pral remete Ekip Ostralyèn nan nan jwèt : 2-1,sa ki tapral motive ekip Ostralyèn nan pouse pou l egalize kote nan dènye faz jwèt yo, sou yon bèl parad ki tapral file tou dwat nan kan ekip Ajantin na, gras ak yon bon soti gadyen Damian Martinez li kenbe sa sèk(90th + 7).
Ekip Ajantin nan ap pare l pou l al defye Ekip Pays-Bas nan ka de final vandredi 9 desanm nan, kote Ekip Pays-Bas te bat 3 a 1 Etazini.
Vos commentaires ici.