Awogan, Pike devan, entèvansyon peyi Kanada sou Kris kap prita peyi dAyiti a ta gen kèk flay, dapre otè Dany Laferrière, ki te eksprime kèk rezèv vandredi aswè sou plato emisyon "Le monde à l'envers". Nan yon entèvyou li te bay Stéphan Bureau.
Imòtèl Dany Laferrière - manm Akademi fransè a ki te nan Monreyal pou Fwa Liv Monreyal la, estime, Premye Minis Justin Trudeau ta chwazi enpoze sanksyon l yo san l pa demontre klè kou dlo kòk nan kisa gran pwela ki sou tèt leta Ayisyen kel sanksyone yo enplike vrèman kote pami gran pwela Sila yo, ansyen Prezidan Michel Martelly.
Nonm lèt la te dekri entèvansyon misye Trudeau sa a kòm awogan epi Pike devan.
"Kesyon yon Prezidan Repiblik la se toujou: èske se prezidan antanke endividi oswa prezidans lan kòm enstitisyon", selon sa li te mande tèt li, li te kontinye pou l di, li kwè ke sa ki ta kenbe yon peyi se ansanm senbolis yo, "si se pa li se yon kote ki gen Yon dal kretyen vivan ak de bra balanse,". Dapre li, si yon moun atake senbolis la, kidonk la Prezidans lan kòm enstitisyon san chayman jiridik klè, ki pa ka kontrekare, "se yon zak awogan".
Sonje byen, semèn sa a, Kanada te anonse sanksyon kont ansyen prezidan ayisyen an anplis li te pwomèt 16,5 milyon dola pou ede estabilize peyi a. Otòn pase a, Msye Laferrière te reziye l pou Yon premye fwa pou le te rantre nan peyi l Ayiti, akoz kontèks politik ak malè pandye kidnaping ke li te kapab pran akoz pozisyon li kòm yon pèsonaj piblik.
Vos commentaires ici.