Avèk Absans Kyrsten Sinema, pati Demokrat la vin tounen yon pwèlyèm majorite ak 50 sièj.
Retounen nan kaz depa. Lè li kite Pati Demokrat la Vandredi, Senatè Arizona Kyrsten Sinema febli Joe Biden nan nivo palman, ak yon majorite ki tounen nan 50 chèz sou 100. Si li te kòmanse kredi politik prezidan Ameriken an, ki te gen yon souri jòn apre eleksyon mwatye-manda yo malgre li pat espere plis ke sa, desizyon Sinema a pa ta dwe fondamantalman chanje sitiyasyon an, ak Kongrè a ki divize ant yon majorite Repibliken nan Chanm nan ak yon Demokrat nan Sena a. "Mwen deklare tèt mwen endepandan de sistèm patizan tètbòchèt Washington nan" se sa eli a 46-zan te anonse nan yon videyo. Jiskaske ekektwon lib Sila vin fè anonsman frakasant sila, Mezon Blanch lan ouvètman te byen lajwa ak rezilta yo, se vre, sa pa plis ke sa Demokrat yo te espere nan dènye eleksyon demi manda ki sot pase yo. Tout fwa, nap mande èske se pa premye prezidan Ameriken depi ilustr Franklin Delano Roosevelt, ki te genyen yon chèz nan Sena a ak pozisyon gouvènè nan eleksyon tradisyonèlman pinitif sa a pou pati egzekitif la?
Vote ka pa ka,
Mezon Blanch lan te rapidman mete Yon ti bemòl nan anons senatèz a. "Nou gen tout rezon pou nou kwè ke nou pral kontinye travay" ak Kyrsten Sinema, se deklarasyon pòtpawòl Joe Biden nan Karine Jean-Pierre. "Kyrsten se endepandan, se konsa li te toujou ye," se pawòl lidè Demokrat Sena a, Chuck Schumer, k ap chèche tou minimize anons Senatris la.
rensipal konsène a te fè anpil atansyon pou l pa di si nan lavni, sil pa pral aliyen li sou menm lign ak Demokrat yo nan kad vòt sou tèks lwa a yo. Soti nan 51 chèz sou 100 nan Sena a, kan Demokrat la tonbe a 50, ki se efektif Sila li te genyen anvan "Eleksyon mwatye-manda yo". Sitou lè nou konnen ke vrè efektif Repibliken yo se 49. Desizyon Kyrsten Sinema a te jwenn anpil aplodisman nan ran konsèvatè yo ki kounye a espere yo ka konte sou vòt li sou tèks yo ki pi diskite yo: "Mwen espere ke anpil lòt moun pral fè menm chwa ak Kyrsten" selon Lauren Boebert.
Traktasyon yo pral difisil pou Demokrat yo espesyalman nan nivo palman, desizyon senatè ki soti Arizona a pas kreyon sou tout espwa Joe Biden pou l gouvène ak plis plas pou rès manda li a. Men, li pa radikalman chanje jwèt la tou.
Lòt chanm Kongrè a, Chanm Reprezantan an, te vire sou bò Repibliken an apre eleksyon mwatye-manda yo, deja mete Joe Biden nan yon pozisyon difisil.
de tout fason, pandan de premye ane manda Biden yo, Kyrsten Sinema te montre yon endepandans politik feròs, souvan yo te wè l ap konvèse ak kòlèg repibliken li yo nan emisik la. Pandan de premye ane Joe Biden yo, regilyèman li te fòse Mezon Blanch lan anpetre l nan kèk traktasyon difisil avèk li. Pou egzanp sou gwo refòm elektoral sa ke Demokrat 80-zan te vle pou pwoteje vòt minorite a, e ke senatè a te tòpiye l nan kòmansman ane a.
Sou yon nivo ki kare bare politik, tyoula Senatris Kyrsten nan, li san dout domaje kredi Joe Biden, nan yon moman kote li kenbe sispens la sou yon nouvo kandidati prezidansyèl an 2024. Se pa yon mank si prezidan an te bay Kyrsten Sinema kèk bagay, paske li te gen anpil konvèsasyon ak li jouk li te envite l yon ane de sa pou pale sou pelouz Mezon Blanch lan nan selebrasyon pasaj Yon kokenchenn pwogram enfrastrikti.
Ankò Madi, pandan l t ap vizite yon pwochen faktori nan Arizona, Joe Biden te chante lwanj senatè a, yon "defansè gwo pèp Arizona ak yon lidè sou anpil pwoblèm kle pou eta sa a". Antouka, desizyon Kyrsten Sinema pou kite pati Joe Biden nan se yon paryaj ki riske anpil: manda li kòm senatè ap ekspire an 2024 epi Demokrat yo pral tante prezante yon lòt kandida kont li.
Vos commentaires ici.