Yon prezidan tou nèf pran tèt peyi Perou, men sa pa mete fen nan kriz politik la pou sa? Dina Boluarte ranplase ayè mèkredi 7 desanm 2022, Pedro Castillo nan tèt peyi Perou, kote Palman an ta pouse dol nan tèt peyi a apre yon tantativ koudeta.
Twazyèm pwosedi pou "enkapasite moral" tap pi bon. 17 mwa apre l te fin pran pouvwa a (an jiyè 2021) Pedro Castillo tonbe yè (7 desanm 2022). Se te "kwonik yon lanmò ki te deja anonse", selon Lissel Quiroz, pwofesè nan Etid Amerik Latin nan University of Cergy.
“Depi nan kòmansman manda li a, sitiyasyon an te trè difisil, li pa t janm kapab aplike politik li te pwopoze a. Li te gen 17 mwa nan obstak ak enkonvenyans nan fè egzèsis pouvwa a ", selon sa espesyalis la presize, dapre li, Pedro Castillo se te yon sib politik "paske li pa soti nan seri politik tradisyonèl la".
Koupe fache ak chema klasik politisyen an, li te "viktim nan yon kontèks rasis evidan" daprè Lissel Quiroz, ki ki estime dayè ke, ansyen chèf leta a te komèt yon fot politik grav lò li te eseye kraze Palman alòske li pat menm gen ase bwa dèyè bannann li. Koulye a, yo arete, Pedro Castillo li anba envestigasyon pou "rebelyon", kote se vis-prezidan li a, Dina Boluarte, yo nonmen kòm prezidan. Se ap premye fanm ki pral dirije peyi a an prensip jiska 2026. “L ap gen pou l goumen anpil akoz ke l se yon fanm epi li pral gen pou l fòme yon gouvènman nan inite nasyonal lè li gen anpil sipò politik. Travay li pwomèt yo dwe trè politik," selon presizyonLissel Quiroz
Vos commentaires ici.