Lekti a se lapli ak angrè ki la pou angrese entelijans ak imajinasyon mounn. Li se Yon konpetans emansipatris epi ki reprezante yon kalfou Kat ki louvri baryè sou tout konesans moun dwe genyen.
Mete liv nan lavi Jenn yo, aprann yo li, fè yo konprann kilti yo, se pi gwo chans nou ta ka bay jenès la pou l emansipe sa ki pral pèmèt sosyete a pou l transfòme wòdpòt kote se larezon ak bon konprann ki pral sèvi kòm baz nan tout aksyon ak chwa sosyete a ap gen pou l fè.
Kiltive tèks literè yo, fè lekti tèks pwofon epi ki konsekan sa anrichi san mank egzistans moun, kote Yon bon konpreyansyon tèks Sila yo mete sou Yon bon abitid literè san penyen lage se zouti ki pi enpòtan pou konprann, entèprete ak entegre mond lan ak lavi a. “Yon bèl liv pa janm kite lektè a jan li te ye anvan li te rantre an kontak ak liv la; li fè li pi eklere” selon André Maurois.
Anplis de sa, nan esè ki rele "Qui lit petit lit tout la vie", espesyalis franse nan literati timoun nan Rolande Causse fè remake sou katriyèm kouvèti liv Sila, lekti a rete youn nan pi gwo nesesite mond modèn nan "Li pèmèt ou metrize lang yo. pou devlope imajinasyon an, estriktire panse a, epi jwenn aksè pou w rantre tout longè nan tout sa ki gen pou wè ak konesans,...”.
Se poutèt sa, lide nou sot avanse pi wo nan tèks la yo , fè wè klè kou dlo kòk ak Yon konpreyansyon byen chapante sou ki volim rezilta pozitif nou ka jwenn nan sosyete a lè nou mete liv ak bonjan lekti nan lavi ti moun ak Jenn nou yo ki pwopoze yo yon mòd lavi ki chita sou koze lespri, larezon ak bon jan lakonesans.
Jodi a li ijan pou nou konprann, okenn sosyete, okenn kominote pa ka bati sou inyorans ak medyokrite, yo pa fouti devlope dèyè do lasyans, ak panse moun ki gen bon konprann e ki wè lwen e ki pa chita lòt kote ke nan liv. Mete liv nan lavi timoun yo ak jenès la epi aprann yo byen konprann sa yo li yo, gen yon enpak konsekan sou edikasyon, devlopman sosyal ak egzèsis demokrasi nan Yon peyi. Pratike lekti chak jou se pa sèlman yon senp amizman, yon pasyon, yon ekzil oswa yon limyè. Lekti se san dout amizman, menm jan ak, jwèt, espò, gade televizyon ak tande mizik. Li pran nou lwen mennen nou pre, menm jan li ka mennen nou lwen reyalite la twoublay nou ap viv yo, konsa li gen pouvwa ede nou bliye enkyetid yo ak estrès nan lavi chak jou yo.
Lekti se tou yon gwo èd nan aprann nou konn valè tèt nou ak file entèlijans ou. Liv pèmèt ou fòje yon lespri kritik atravè konfwontasyon ant lide oswa ideyoloji. Lekti pote bon jan enspirasyon, bannou bon jan zouti syantifik rasyonèl pou n ka byen entèprete fason mond lan ap evolye, ak pwobableman yon kilti pi pwofon. Natirèlman, se pa tout sa ki ekri ki bon pou lespre mounn, men menmsi ekriti yo pa fè nou plezi, kit yo bon kit yo pa bon, n ap toujou pi kiltive.
Lekti se youn nan pi bon mwayen pou yon moun kapab rive entegre w nan mond lan ki chak jou ap vin pi ekzijan. Li ouvri tout pòt ki bay sou lakreyasyon ak atizay e li envite nou pi byen konprann ak metrize mond lan olye pou nou genyen l degoutans. Li pèmèt ou apwopriye istwa a, kontrèman ak yon fim kote ou sèlman wè vizyon direktè a.
Lekti fè nou tabli yon zanmitay wòdpòt ak otè a nan apwòch li nan ekriti ak narasyon an. Nou idantifye nou ak ewo yo ou sinon pèsonaj enpòtan yo; nou marye avanti li, santiman li ansanm ak pa nou konsa nou rive viv plizyè vi. Lekti vle di tou pran risk, pafwa mete tèt ou an danje. Wi paske lekti se pa toujou yon kesyon plezi ousinon mete kòw alyè, se pafwa pran risk afwonte tout lide ki taka parèt negatif.
Li, se yon egzèsis libète, epi tou li pa fasil pou w toujou rete menmjan ou te ye avan. Men, yon sèl bagay ki sèten, palpab, eksperyans lekti ka kay chak lektè, ka fèl vin yon moun konsekan, li louvri je m ak reveye lespri l, li pèmèt li soti nan prizon mantal li souvan tyoule lespri l yo , li demakonnen panse lektè fè l wè mond lan pi klè. Kidonk li sèten, lekti se pi bon chemen Yon moun ka swiv si w vle rantre fètefouni nan mond ekzijan ki genyen alòkile la.
Vos commentaires ici.