Apre Yon kanaval pale anpil, Akizasyon jistis la kenbe se: posesyon zam ilegal ki fèt pou lagè.
Arestasyon sa a te rive fèt apre kèk gwo sanba pawòl ki chita sou rezo sosyal ta alète gen Yon debakman dwòg ki ta soti La dyomoun desann nan Pò Marigo a epi pran chimen Jakmèl pou al bout kay Mesye Khawly. Yon asenal Otorite lou anvayi epi plonje sou kay Biznisman nan, yo pase sis èdtan lakay Misye ak Madam Khawly tankou Chen fou ap chache dwòg.
Chèchè lajistis te fouye rezidans Khawly sou wotè Cap des Maréchaux nan Jakmèl.
Finalman, Elefan rive akouche de sourit. La jistis ta sanble fè yon flay nan dosye a, apre tout rechèch yo, chèchè lajistis yo pa jwenn menm Yon kiyè dwòg, men kanmenm yo poze lapat sou de zam lagè, yon T65 ak yon "Uzi".
"Nou pa t 'jwenn dwòg men de zam lagè, selon deklarasyon jij depè Fritz Palanquet ki tou konfime ke rechèch la te dire sis èdtan.
Nan Yon nòt Enstitisyon PNH pibliye sou kont Facebook li, li fè konnen, Apre yo te fin tande Yon brikouri sou Yon debakman dwòg nan Sidès, yo te plonje kay Biznisman Joël Khawly pou tal rekipere dwòg sila, cepandan apre yon dividal rechèch yo pa jwenn Dwòg yo oblije arete Mesye Khawly paske l posede de Zam ki pa legal ak minisyon.
Malgre chèchè lajistis yo pa t rive jwenn Dwòg, kanmenm Yo te mennen Misye Khawly nan baz BLTS nan Okay nan sid anvan yo te pran vòl Pòtoprens.
Kote nan premye Fanmi Khawly di ke yo pa te gen okenn nouvèl Antreprenè a depi arestasyon li.
Kèk èdtan aprè PNH la fin pibliye nòt Sila ak foto Antreprenè Joël Khawly ki kanpe devan Yon tab ki gen de Zam lajistis mansyone yo, ak Yon ti kantite grenn bal, reyaksyo yo simen tankou grenn lapli sou rezo sosyal yo.
Nan Mesaj ki poste yo, gen Yon ti gwoup ki bat bravo la kontantman lakoz la jistis ta arete Mesye Joël, men tou gen anpil lòt moun ki reyaji pou di fas ak kriminalite jeneralize ki ap detripe peyi a, kote pyès moun pa epanye, si se pou de grenn Zam sa yo, lajistis ta deside fè dap piyanp sou Yon Biznisman nan tranp Joël Khawly, ebyen Konnen se pou Zam ilegal yo arete Mesye a, pouki se nan bitasyon pa BLTS yo ale ak li. Anplis poukisa lajistis oblije pibliye foto prevni an. Èske se pa Yon feblès aparèy jistis la.
Vos commentaires ici.