Sèlman kèk jou apre dosye Joël Khawly a, yon lòt eskandal ki makònen toujou ak britalite polisyè vyolans, ak derespektan kont Dwa moun ak vyolasyon dwa yon komèsan, kote Mr Mauril Jeudy, ki te jwenn arestasyon l nan kondisyon ki pa kadre ak tretman Yon ajan lòd dwe bay Yon sitwayen konsekan.
Yon nouvo dosye ki eksite anpil kòmantè, ki lakòz tou anpil lank ak saliv koule, san bliye megabayt sou rezo sosyal yo.
Sepandan, eleman fondamental dosye a rete enkoni pou gran piblik la
Men, nan tout bagay sa yo, CCIPSEH fè Konnen li santi li afekte dirèkteman paske , yon kote oswa yon lòt, Moril JEUDY se yon pèsonalite ki merite respè nan egzèsis fonksyon l antanke Antreprenè, sitou yon Antreprenè ki trè koni ki merite pou yo trete l ak diyite ak respè.
Se poutèt sa, CCIPSEH nan Yon nòt deplore reyalite sa yo jan medya sosyal yo rapòte l la epi envite tout sitwayen yo kiltive respè pou otorite etabli, alòske moun ki gen fonksyon piblik yo dwe evite twòp zèl ak abi pouvwa sou nenpòt fòm.
CCIPSEH vle pwofite ensidan sa yo ki deja twòp epi ki tounen Yon danje pou sosyete a pou raple tout moun dwe respè youn pou lòt ki dènye tan sa yo twò absan nan vil la e ki rete enpòtan pou pwoteje twal sosyal la ke nou deja chire paka an pak la.
Finalman, CCIPSEH envite otorite jistis yo pran responsablite yo, nan kesyone nanm yo ak konsyans yo pou pote pawòl lalwa nan ka sa a.
Vos commentaires ici.